Vin aprann kijan mwen jere pwoblèm mwen yo
Jodia mwen anvi pale nou de yon fasèt nan mwen, anpil nan nou ka trouve li biza men gen kèk lòt kap retrouve yo nan mwen. Mwen pral pale nou sou kijan mwen jere problèm mwen yo sitou lè yo anpil e m sanble pèdi kontwòl yo.
Jan nou konnen l déjà, lè yon moun gen problèm li ka aji diferan fason. Gen kèk moun ki bwè alcool, genyen ki fimen, genyen ki manje anpil, gen lòt ki soti chak swa, fè baz ak zanmi, al nan gym pi souvan elt.
E poutan, ka pa m nan diferan de tout sa mwen sot site la yo. Li ka parèt senp, biza, menm banal pou kèk nan nou, men daprè mwen e selon eksperyans mwen li efikas anpil pou mwen.
Mwen pa bwè, mwen pa fimen, mwen pa manje anpil lè m gen problèm. Mwen gen yon estrateji ki senp : Lè mwen santi lavi a ap frape m twò fò, mwen pa goumen ak li, mwen monte kabann mwen epi mwen kouche. Mwen pase tout tan lib mwen sou kabann paske se moman kote m totalman poukont mwen, lè konsa m ka kriye anpè, san pèsòn pa mandem sa mwen genyen ni jije m.
Tan sa yo pèmèt mwen panse tou men mwen konnen li pa toujou bon paske nan moman sa yo se panse negatif kap vini pi plis men se nan tan sa mwen ka jwenn pi bon solisyon yo tou sitou lè m priye. Men mwen pase plis tan ap dòmi mpanse se yon fason pou m repran enèji, pou m bliye, pou m pa panse anpil, oubyen pou m pa panse ditou.
Nan moman sa yo mwen konn leve selman pou m benyen epi manje apresa kabann mwen dirèk, san remò. Se pa parès, non! Se yon metòd rekiperasyon.
Mwen toujou jwenn rezilta chak mwen fè sa, pou mwen se yon gwo bagay paske sa edem anpil, anpil. Mwen konn akonpaye moman solitude sa yo ak yon ti mizik pou sikonstans lan sitou lèm poko ka jwenn somèy. Se vre, lè mwen leve finalman, pwoblèm yo ka toujou la, men mwen gen plis fòs pou m fè fas ak yo. Se tankou yon aparèy telefòn ki te gen batri l a 1% epi mwen mete l chaje jous li foul.
Mwen pa di dòmi regle tout bagay, men li ban mwen fòs pou m fè fas ak sa k ap tann mwen. Lè m leve, mwen pi nòmal, mwen ka panse pi klè, epi sa ki te sanble yon dezas la, pafwa, vin parèt pi piti pase jan mwen te imajine lan.
Ti moman sa yo konn pèmèt mw resantre m nan lavi, kote ke mwen asepte santi emosyon yo, mwen viv yo janm sipoze viv yo, apre mwen resouse m nan plede dòmi epi apre mwen mete fanm nan fanm mwen pou m jwenn yon bon solisyon, pou m kanpe epi poum avanse, paske malgretou, lavi ap kontinye, e mwen oblije kontinye avè l.
Nou chak gen mwayen pa nou pou jere lapenn, fristrasyon ak pwoblèm lavi a. Men ou menm, ki estrateji ou itilize, kisa ou fè pou jere problèm ou yo?

Commentaires
Enregistrer un commentaire