Vin aprann kijan mwen jere pwoblèm mwen yo
Image: Google Jodia mwen anvi pale nou de yon fasèt nan mwen, anpil nan nou ka trouve li biza men gen kèk lòt kap retrouve yo nan mwen. Mwen pral pale nou sou kijan mwen jere problèm mwen yo sitou lè yo anpil e m sanble pèdi kontwòl yo. Jan nou konnen l déjà, lè yon moun gen problèm li ka aji diferan fason. Gen kèk moun ki bwè alcool, genyen ki fimen, genyen ki manje anpil, gen lòt ki soti chak swa, fè baz ak zanmi, al nan gym pi souvan elt. E poutan, ka pa m nan diferan de tout sa mwen sot site la yo. Li ka parèt senp, biza, menm banal pou kèk nan nou, men daprè mwen e selon eksperyans mwen li efikas anpil pou mwen. Mwen pa bwè, mwen pa fimen, mwen pa manje anpil lè m gen problèm. Mwen gen yon estrateji ki senp : Lè mwen santi lavi a ap frape m twò fò, mwen pa goumen ak li, mwen monte kabann mwen epi mwen kouche. Mwen pase tout tan lib mwen sou kabann paske se moman kote m totalman poukont mwen, lè konsa m ka kriye anpè, san pèsòn pa mandem sa mwen genyen ni jij...