Je réponds à vos questions
1- Ou renmenm?
Hello M.C, mespere ou anfom. Pou mwen sensè ak ou, mwen ka di wi mwen renmenw men se menm jan mwen renmen tout zanmi m. Dezole men nan fasonw dil la mwen pa wèw konsa e jan w konnen l lan, mwen renmen yon moun a tout mwen menm deja.
2- Kijan ane a komanse pou ou?
Hello Miranda, mèsi pou kesyon an sis. Mwen ka di ane a te byen kòmanse men apre tout sa kap pase nan peyi a mwen ka di mwen pran kèk pataswèl, mwen tonbe, mwen trennen jous mwen la map eseye fin leve nèt. Se vre majorite bagay yo te tèt anba e se youn nan rezo poz mwen an, men sèl sa mwen konnen sa ka konsa nan moman sa yo men ane a pap fini san m pa jwenn benediksyon pa m nan. E pou ou kòman sa ye?
3- Kote bae?
Hi, T. S Bae la, nan peyi moun yo lap eseye travay di pou li ka viv vi li te reve a.
4- Ou konn fache ak bae?
Hi, V. C M panse li vreman ra pou jwenn de moun ki ansanm ki pa janm fache ditou. Alòs, wi, sa konn rive menm si pafwa sa konn difisil men nou toujou jwenn yon fason pou nou re antann nou.
5- Ou gen yon zanmi ke ou t ap koutize epi yon jou li mande pou pa fè sa ankò paske li genyen yon moun ke li renmen, li pa vle ou pèdi tan w, antanke gason ki respekte tèt li ki desizyon ou t ap pran. ? A note ke zanmi sa ou apresye l anpil.
Hello J. L, Ben mwen pa yon gason, men map eseye di sa mwen panse de sa ou dim nan. Selon mwen menm se de moun ki fè relasyon. Ou ka toujou renmen yon moun men li dwe renmenw tou pou sa mache vreman sinon wap soufri. Mwen trouve moun sa se yon bon zanmi si li pa kitew nan erè, li sensè e klè avèw. Endirèkteman pou mwen sa vle di li pa renmenw jan w renmenl lan paske si li te renmenw li patap fè chwa de yon lòt, alòs si m te nan plas ou mwen tap kenbe amitye a si mwen kapab e mwen tap evite (bon si li vle tou). Men asirew avantou ke li pa sou fè kapris oubyen si se pa yon tès.
6- Èske li posib pou yon fi renmen yon moun ki te ridikilize l an piblik men aprè kèk tan ki vinn mande l eskiz. E vinn aprann konnen l ? NB: se akoz tanperaman fi an ki te koz sa paske moun nan pat konn si li bipolè.
Lanmou se yon bagay ki pa senp ditou, li posib pou fi sa toujou renmenw si sa te pase yon fwa, si li te renmenw anpil elt. Lanmou padone tout bagay menm si sa difisil, menm si sa fè mal.
7- Ou se yon fanm fidèl?
Hello S. L, Mwen pa konn si w gen kontak bae m ta diw al mande l. 😊 Mwen ka di si gen yon sèl fanm fidèl sou latè konn se mwen, se pou sa mwen toujou chache byen defini relasyon m ak chak grenn moun pou pa gen malantandi. E lè mwen gen menaj, mwen pa janm pè afichem ak moun sa tout kote paske m lib pou sa. Pou fini mwen ka di mwen fidèl nan tout sans nèt.
8- Si menaj ou ta kite w kisa w ap fè?
Salut M.G, Ben si bae ta kitem otomatikman li vin ex mwen e tout sa mwen tap fè se tounen ak Ex mwen , paske se li e selman li mwen renmen. Men si sa pa posib malgre tou map viv en solo, menm jan sa te ye avan paske mpa wè mwen menm ki pral rekòmanse. Retounen nan: pale m de ou? Ki pasyonw? Ki koulè preferew? Ki manje preferew? Elt. Mpa kwè map janm pare pou etap sa ankò.
9- Sa ou panse de relasyon long distans?
Se yon relasyon ki vreman konplike, ki mande konfyans, anpil tolerans ak pasyans.
10- Kijan ou viv moman kriz la?
Hello B.M, Moman kriz sa la lontan e li afekte m sou tout pwen sitou nan moman sa yo paske sa paralize aktivitem, mwen pa fin rasire, gen kèk pwoje ki tonbe nan dlo, pafwa sa stresem, sa konn rann mwen tris pou tout moun ki nan pi move pozisyon yo. Men pou sa yo pa potem ale mwen priye mwen mande Bondye pwoteksyon pou nou, ak delivrans pou peyim, mwen li, mwen tande mizik anpil tou, mwen aprann yon nouvo bagay preske chak jou epi mwen jwe tou. Se vre moman an pa bon pou mwen men mwen degajem viv e Bondye toujou kenbe m e toujou veye sou mwen tout kotem pase.
Se diferan kesyon sa yo mwen te jwenn, mèsi a chak moun ki te pozem yon kesyon, mespere nap satisfè de repons mwen yo, mèsi pou pasyans nou, ak lanmou nou ban mwen.
✒️ esthieworld
Gracias
RépondreSupprimer😊
Supprimer