Je réponds à vos questions

Pou relanse apre yon bon moman poz, mwen te mande nou poze m kèk kesyon sou nenpòt sa nou vle e jodia se ak anpil plezi map reponn kesyon nou yo. 1- Ou renmenm? Hello M.C, mespere ou anfom. Pou mwen sensè ak ou, mwen ka di wi mwen renmenw men se menm jan mwen renmen tout zanmi m. Dezole men nan fasonw dil la mwen pa wèw konsa e jan w konnen l lan, mwen renmen yon moun a tout mwen menm deja. 2- Kijan ane a komanse pou ou? Hello Miranda, mèsi pou kesyon an sis. Mwen ka di ane a te byen kòmanse men apre tout sa kap pase nan peyi a mwen ka di mwen pran kèk pataswèl, mwen tonbe, mwen trennen jous mwen la map eseye fin leve nèt. Se vre majorite bagay yo te tèt anba e se youn nan rezo poz mwen an, men sèl sa mwen konnen sa ka konsa nan moman sa yo men ane a pap fini san m pa jwenn benediksyon pa m nan. E pou ou kòman sa ye? 3- Kote bae? Hi, T. S Bae la, nan peyi moun yo lap eseye travay di pou li ka viv vi li te reve a. ...