Pozisyon m sou pakou Wendyyy nan rap kreyòl la.


Jodiya mwen pral pale nou de Wendyyy, yon atis ki fè m pran gou nan Rap Kreyòl. Yon atis ki chaje ak talan, ki gen plezi e ki bay plezi nan chak mizik li yo, chak frap li vo lò.

Bon non li se Wendy Duvert, li fèt 23 mas 1989 nan vil Leyogan. Li se yon rapè, otè, konpozitè pou nou site sa yo selman. Wendy Duvert, nou vin konnen sou non Wendyyy Traka, nan lane 2006 yo se yon jèn atis ki t ap eseye soti tèt li. Li soti 3 album premye a ki se « Majeste » an 2003, JBeatz te travay sou album sila, « Indétrônable » an 2016 li kolabore ladann ak plizyè atis tankou Big Jim, Fatima, Magic Touch epi twazyèm nan soti an 2018 sou non « King rete King », li gen plizyè EP tou tankou « LVAR » (Longue Vie Au Roi) nan lane 2021 epi « Patron » nan lane 2022.

27 desanm 2017, Wendyyy te òganize premye konsè li nan Leyogan, se te yon mega konsè Rap Kreyòl. Potko janm gen yon pi gwo konsè konsa jiska jodiya.

Yon peryòd kritik nan lavi jèn rapè sila pase 4 novanm 2019, fan Wendyyy yo ta pral choke akoz yon videyo ki tap mache sou tout rezo yo. Kote li te ak Shishie, ansyen menaj li, nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture l an, li te sanble ak yon moun ki gen kriz panik, ki vreman pa anfòm. Yon mwa aprè, li fin ale li monte sou Facebook pou li anonse li pap monte sou sèn ankò pou pwoteje lavi l e aprè yon ti moman poz lap tounen rap pou plezi fanatik li yo e pwomèt kolabore ak kèk atis nan milye evanjelik lan tankou Frè Gabe ak Stanley Georges (mwen te panse Wendyyy konvèti e se ti mizik evanjelik li pral lage kounya, sa ki tap fè m anpil plezi, men se pa t sa).

4 jiyè 2020 li monte sou Instagram e mande CHINWA yo rasanble. 25 jiyè 2020 li ba yo randevou pou 23 dawout 2020 pou yon nwit an dirèk kat la te 500 goud, oubyen 5 dola. Se te yon bèl moman, yon bèl nwit ak tout fan li yo, « haters » yo te la tou se sa m renmen ak yo, y ap sipote tou paske yo renmen atis la anba anba. 22 dawout 2021, dezyèm konsè rapè an te fè an dirèk.

Mwen ka di Wendyyy se « Roi » rap ayisyen an pa gen deba sou sa.

Kèk single li ki rive sou mwen :

2010 : Pa gen nivo pou mwen

2013 : Edem

2013 : Majeste

2014 : Ideal

2016 : Fè L Konfyans

2016 : Komanw Fèl (feat. Magic Touch)

2016 : M Jwenn Li

2016 : Dekontwole

2016 : Kotew Te Ye (feat. Richard Cavé) 

2016 : Nou Fè Yo Wont

2017 : On Dous On Cho

2018 : Kè l al a Kè m (feat. Medjy)

2018 : M aprann (feat. Jeff Prosper)

2022 : Se Pa Pou Dat (feat. Alan Cavé & Oswald)

2022 : Bonnie and Clyde (feat. Danola)

Aprè yon lòt moman absans rapè a, li retounen ankò pou bon avek yon videyo san parèy « CEO » ki soti jou ki madi 9 janvye 2024 lan, pou anonse album li an ki rele « III » ki gen pou soti 21 janvye 2024 la, se ap katriyèm album solo li. Gen imaj, gen lirik, gen rapè e gen bon fanatik ak egri ki paka pa gade. (Rire). Konsa videyo a pa tann 10 zè pou li gen 1 milyon moun ki gade l. Se sèl atis ayisyen ki ka fè sa jiska jodiya. Chak li parèt li bloke rezo yo e kenbe haters yo nan gòj pandan lonnnntannnnn.

Sou album ki gen pou soti a gen 9 moso, sou li nap jwenn kèk lòt atis tankou Danola, Thelo, Itswoulie ak Ansy Derose yon lejand nan endistri a.

Mwen paka tann poum enjoy album sila. Mwen santi map renmen chak grenn moso ki ap sou li yo epi mwen espere sila ki konn apresye yo apresye. Sila ki menm si album nan bon ki pral kritike yo, nap san valè.

Ann tann bonm nan 🐜 randevou kase pou 21 janvye 2024.


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

"La vie n'est pas d'attendre que l'orage passe, c'est d'apprendre à danser sous la pluie." — Sénèque

Le rose et moi

Un anniversaire qui brille malgré tout. 🥂