Ex « EX-ception » mwen !

 


Aprè mwen fin tande mizik « EX-ception » sou dènye album Wendyyy a, mwen di poukisa m pa pataje ak nou istwa « EX-ception » pa m nan. Eben mete nou konfòtab, epi kontinye li.

Avan m antre nan listwa a, kite m di nou kijan atis l an defini konsèp li an. Pou li « EX-ception » se yon ex ki inoubliyab, yon ex ki toujou la nan kè moun nan, e moun sa ka avè w epi li gen yon ex kap domine l, ki make lavi l a jamè e ke ou menm, ou pap janm ka konkiranse.

« EX-ception » pa m nan se yon moun ki te aprann mwen renmen, malgre sa te difisil men li te gate m e li te reponn ak tout ti kapris mwen yo. Li te toujou disponib pou mwen, li fè anpil sakrifis pou mwen e li aprann mwen anpil bagay enteresan. Li te banm anpil lanmou ak enpòtans ,chak jou, chak segond li te fè m santi. m plis ke espesyal. M pa bezwen di nou janm te santi m ozanj.

Mwen panse anpil nan nou viv sa deja e ap viv li aktyèlman, si se pa sa mwen swete w jwenn moun sa.

Nou te nan telefòn 24 sou 24, e chak nou kwaze se te pi bon moman mwen te ka pase. Nou kite plizyè fwa aprè nou tounen, nou te fè pati kategori koup « block-unblock » la tou. M pat imajine lavi m san li. M te damou, adikte, obsede e li te montre m li pi mal ke sa toujou. Jan m ap pale la ou pa ta di nou te tankou (2) de moun fou.

Men, atansyon ! Te gen move moman yo tou, relasyon nou an pat pafè, te gen anpil pwoblèm men sa ki te bon se ke nou te toujou pran tan pou nou jere sousi yo e a chak fwa li te toujou mete m an konfyans paske l te viv ak mwen nan tout transparans.

Nou pat ka pase yon demi jounen fache paske nou pat ka rete san youn pat gen nouvèl lòt. Nou te vin kite men nou te toujou pale, m te vin gen mennaj men li t ap domine m toujou. Si yon, jou l ta dim « ann tounen » m tap tou kite moun sa ki te nan vi m nan. Se kounya mwen santi sa biza, men m pat janm ka jwenn yon moun ki ka konkiranse l.

Yon jou, m te tounen sou li, li dakò sanm pat panse se tap yon dènye fwa, nou kite pou yon bagay ki plis ke banal. Se te dènye fwa li brize m. Pou sa m te aprann viv san li. Mwen te rete lwen tout moun, mpat janm antre nan relasyon pou evite. M pat vle brize lòt moun paske m santi m pa tap ka renmen yo vreman janm konn renmen an vre.

M te vin arive geri totalman e la mwen pa wè nan li menm yon zanmi. Li pa enmi m tou, nou ka pale men li pa gen okenn efè sou mwen ankò. Mwen pa enterese ak li ankò menm. Ankò plis kounya ke mwen jwenn « l’homme idéal ».

Depi lontan deja mwen pran desizyon avanse e la mwen ka di mwen kontan paske mwen jwenn yon moun ki renmen m e ke mwen renmen plis toujou. Nan li, mwen jwenn preske tout sa mwen t ap chache, lanmou nou pa pafè men li konble m nan fason pa l. « Ex EX-ception » mwen an se te yon echantiyon lanmou, paske se kounya map viv yon vrè lanmou e nou la pou jiska lanmò.


Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

"La vie n'est pas d'attendre que l'orage passe, c'est d'apprendre à danser sous la pluie." — Sénèque

Le rose et moi

Un anniversaire qui brille malgré tout. 🥂