Règ, yon peryòd enpòtan nan lavi fanm
Medam eske sa konn rive nou tou oubyen mwen poukòm sou pwen sa ?
Jodia mwen pral pale de règ, ki se yon fenomèn natirèl enpòtan nan lavi yon fanm, ki chak mwa pote avèk li yon seri reyalite ak kesyonman. Nan tèks sa a, mwen pral pale nou de fenomèn sila, kijan mwen viv li ak kisa mwen fè pou swiv peryòd sa nan lavi m. Vin aprann plis sou eksperyans pèsonèl mwen nan moman sa yo.
Fenomèn règ la se yon pwosesis natirèl nan lavi fanm ki gen rapò ak sik menstryèl li. Chak mwa, Si pa gen fegondasyon, matris la elimine tout sa li pa bezwen yo sou fòm san. Se sa ki rele règ la. Fenomèn sa a gen konsekans sou sansibilite fanm, fizikman ak emosyonèlman, e li se yon pati enpòtan nan reyalite sante fanm. Li kapab afekte diferan aspè nan lavi, tankou planifikasyon fanmi, sante seksyèl ak reprodiktif, epi genyen enpòtans nan pwosesis konprann kò nou.
Règ mwen se pa yon bagay mwen te renmen kontrole sitou lè m pa gen menaj, mpa konn poukisa. Mwen konn tande pale de plizyè metòd m pa eseye e m pa chache konprann anyen, sa ki yon move bagay mwen panse.
Koze règ se bagay m pa nan danse kole ak li, pou mwen li degoutan, mwen konn menm anvi pran medikaman pou li pa vini paske li nwi m e mwen souvan sal rad fasil (se pou sa mwen pito mete rad nwa nan moman sa yo) men pafwa mkonn ap tann règ mwen ak enpasyans, nou gentan konn pouki.
Sa konn fè m afole pafwa lè m gen ti reta men se toujou pou granmesi. Depi m sonje peryòd m te genyen l lan epi mwen wè li poko vini mwen gentan panse ak yon pil bagay, sa ki pi dwòl la se lè malgre m pa fè anyen epi m ap mande eske m pa ansent.
Kèk jou avan e pandan moman règ la, mwen konn gen vant fè mal, mwen konn move san rezon, fache pou nenpòt ti bagay, mwen konn kriye san rezon ak anpil lòt bagay. Sèl sa ki ka fèm plezi se chokola sou tout fòm nan, krèm glase ak anpil afeksyon. Nan moman sa yo mwen tap kontan genyen kote m yon moun ki totalman konprann mwen. Jiska jodia bae ap fè efò a malgre sa difisil men li jere sa kan menm.
Pou mwens kalkil, mwens sousi ak pou pi senp, kounya mwen itilize yon aplikasyon yo rele « Flo » e sa yo pa rive m menm jan an ankò. Aplikasyon sa ede m anpil mwen konseye nou li. Si w konn itilize yon lòt fè m konnen nan kòmantè yo.
Byenke fenomèn règ la se yon bagay natirèl, tèks sa a montre kijan li ka afekte lavi nou chak mwa. Nan moman difisil sa mwen itilize teknoloji, tankou aplikasyon « Flo », kòm yon zouti pou swiv ak konprann pi byen pwosesis sa a. Menm jan règ la pote avèk li anpil defi, li se yon opòtinite pou aprann plis sou tèt ou, pou rann ou pi konekte ak kò ou tou.
Mwen ankouraje chak fanm ki li tèks sila pou pataje eksperyans li ak nou nan kòmantè yo. Mèsi.
Commentaires
Enregistrer un commentaire