Eske menaj ou ka gen yon besthie/ bestho ?
Eske sa konn rive nou pou n santi n tèlman damou yon moun, sa vin rann nou posesif ak egoyis? Eske sa konn rive ou pa konn si w selibatè oubyen si w an koup?
Eben jodiya nou pral pale de yon fenomèn ki konsène nou tout preske, genyen ki aksepte l genyen ki pa dakò l, e chak moun gen rezon pa yo.
Sijè jodia se : Eske mennaj ou ka gen yon « besthie » oubyen « bestho » ? Kote yo se 2 sèk diferan.
Kisa besthie/bestho vle di ?
Daprè sa nou konnen, mo sa yo vle di bon zanmi, se yon konfidan, yon moun ou ka fè konfyans nan tout sikonstans. Men anpil moun rann tit sa yo pejoratif kote kèk nan yo kache dèyè mo besthie/bestho a pou regle koze yo. M pa konn si se paske mo sèksfrenn nan parèt twò vilgè akoz mo sèks la ki ladann nan, ni si se paske yo pa vle asime l. Besthie yo konn pa besthie tout bon vre, yo ale pi lwen ke sa pafwa, bestho yo menm se gro koze paske pou mwen menm 2 gason paka nan bestho y ap plis pale w de big patnè e si 2 gason ap diw yo se bestho konnen gen yon bagay ki vreman biza. (m pa di sa pou anyen koz se vi prive yo)
Kanta besthie ak bestho, se yo ki plis enterese m jodia. Eske mennaj mwen ka gen besthie m ap di « NON ».
Paske pou mwen fi ak gason paka zanmi kole sere konsa. Yon jou oubyen yon lòt y ap fini pa « flirté » kanmenm. Menm si pa ta gen anyen ki konkrè ap gen yon bagay kan menm pa anba. Kèk fwa youn ladan yo konn pa respekte limit li, kèk lòt fwa se tou 2. Moun sa ka bòykote relasyon zanmi an jan l vle nan bay move konsèy, nan aji mal, nan fè jalouzi, elt.
Sou stati WhatsApp mwen, m te poze kesyon sa, men divès repons mwen te arive jwenn :
« 1. 🥴bon'l genyen'm kom besthie sal bezwen gen 2 fè. (Fi)
2. 😁wi, Mw menm ankò 🙃🙌🌝
Sinon rete ak bestie w kite m en paix. (Fi)
3. Nn
Mwen wi mwen ka gen bestie (Gason)
4. wi et non
Tou 2 repons yo gen enkonvenyan ak avantaj yo
Wi paske mte vinn jwn li ak antouraj li men se mennaj se pa madanm kelkeswa dout mta genyen de yon pwoch li mpka oze mandel tout bgy Men mka fèl santi ke zanmi sa deranjem anplis ou konn gen mennaj epi gen ti blag se yon zanmi ou ka fel ak li gen yon anbyans se zanmi an ki ka patajel ak ou fòk nou pa bliye paramet sa
Non, depandamman de kiyes ki bestho a, Eske li se yon danje pou couple la? Eske gen yon soupçon biza sou couple la? Eske zanmi sa deranje couple la?
Sa ki enpotan malgré sa, se mennaj lan kap konnen si li dwe pa nan relation oubyen ralenti relation li ak bestho sa. Li gendwa diw li pa nan pale ak entel anko epoutan li pale plis ak entel ke ou.
Kesyon bestho ou besthie a, li se yon danje pou couple la si e selman si moun yo pa renmen youn lot paske si youn renmen lot youn pap dako okenn moun kelkeswa a kraze relation yo.
Men depiw nan palem de Besthie ou bestho msanti ou poko finn gen matirite esansyèl pou yon relation serye menm si kek ladan yo konn itil men gen plis enkonvenyan ke avantaj. (Gason)
5. Mw ki bestil m pa nan radot pou gen lot pi bon zanmi😏
M pap vinn bay okenn Moun kraze relasyonm. (Fi)
6. Wi, kounya e diferans pèp isi paka fe de besto ak yon moun kap koutize w lan..moun lan bestfriend u men li supoze gen limit nan koup ou
Siw pa bal limit c ke li gen menm dwa ave m. ki sa vle di se neg oubyen fanm ou. (Gason) »
An gwo nou wè majorite nan yo pa dakò sitou medam yo.
Pou fini mwen pa panse li bon pou w anpeche menaj ou gen zanmi men lè li twò kole ak yon lòt moun sa konn bay problèm sitou si zanmi sa se yon fi (si yo nan sèk opoze). Ap gen jalouzi kan menm, si moun yo pa jere sa byen relasyon an ka kraze fasil.
Mwen malad, egoyis lem renmen yon moun, pafwa mwont tèt mwen, mpa dako mnnaj mw pale mm ak yon fi. menm zanmi gason si mnnaj mw pa ta genyen li tap bon, map santim pi asure, map santi pa gn twop risk. Men mpa entèdil sa.
RépondreSupprimerSe konsa tou mw fè atansyon ak mennaj moun, menm sim te zanmi ak gason sa avanl te renmen ak fi a, ap gen yon limit, et map touju veye jan map ekri ak gason sa, pou lè fi a gade dyalog sa pou pa gn anyn ki deranje.
Mwen konprann fasonw ye a mka di mwen menm jan an tou. Li bon fason ou ye ak zanmi gason an tou paske sa ap evite plenyen evite problèm nan relasyon moun sila. Lè konsa ou pa yon eleman jean pou moun yo.
SupprimerKoze bestie ak bestho sa a alamod anpil anpil de no jou
RépondreSupprimermenm si jiskaprezan nou poko vreman konnen sa mo sa yo vle di ,
pou mw li trè senp se yon moun ou k pale tou e tout bagay avèl (sa pa vle diw paka palel ak menaj ou ?men ou k just anvi konfyew ak yon sex opoze surtt lè pou fè menaj ou yon sipriz💯
C'est intéressant 😊
Supprimer